Ezekiel 2:4
Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:16Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li,
1 Kings 22:14Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.
2 Chronicles 36:13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Proverbs 21:29Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.
Jeremiah 3:3Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.