Ezekiel 2:8
Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a.
Bib La
In The King James Version
In Context
9M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen.
Cross References
Numbers 20:10Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?
1 Kings 13:21ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.
Isaiah 8:11Wi, Seyè a lonje men l', li pran m'. Li tou pale m' pou m' pa swiv chemen pèp la t'ap swiv la. Li di m' konsa:
Jeremiah 15:16Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Ezekiel 3:10Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.
Jonah 1:3Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a.