Ezekiel 20:11
Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se konsa, mwen fè yo soti kite peyi Lejip. Mwen mennen yo nan dezè a.
Cross References
Deuteronomy 4:5Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.
Deuteronomy 20:15Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a.
Nehemiah 9:13Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Ezekiel 18:9Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Ezekiel 20:21Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache.