The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 20 › Ezekiel 20:19

Ezekiel 20:19

Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo.

Bib La

In The King James Version

I am the LORD your God; walk in my statutes, and keep my judgments, and do them;

In Context

18Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.

20Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou.

Read all of Ezekiel 20

Cross References

Leviticus 18:4Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Deuteronomy 5:1Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè.

Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.

Deuteronomy 8:1Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo.

Deuteronomy 11:1Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.

Nehemiah 9:13Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 20:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 20:18Ezekiel 20Ezekiel 20:20 →