Ezekiel 20:22
Men, mwen kenbe men m' pou m' pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 13:21Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.
Psalms 78:38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
Psalms 115:1Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
Jeremiah 14:7Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.
Lamentations 2:8Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te soti pou l' kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l' kraze l', li kraze l' nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm.
Ezekiel 20:14Men, mwen pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.