Ezekiel 20:28
Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Joshua 23:3Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou.
2 Kings 17:9Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo.
2 Kings 17:12Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.
Psalms 78:55Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.
Psalms 105:8-(we vèsè pwochen)