Ezekiel 20:32
Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:36Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.
Deuteronomy 29:17Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo.
Psalms 33:10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
Proverbs 19:21Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
Jeremiah 44:17N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
Lamentations 3:37Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.