Ezekiel 20:33
Jan nou konnen mwen vivan vre a! Se mwen menm, Seyè Sèl Mèt la, k'ap pale! Se mwen menm k'ap gouvènen nou. M'ap kenbe nou anba ponyèt mwen ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:42paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,
Jeremiah 42:18Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò.
Lamentations 2:4Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.
Daniel 9:11Tout pèp Izrayèl la nèt pa t' swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou.