Ezekiel 20:40
Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 68:15(068:16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
Isaiah 56:7m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.
Isaiah 66:20Y'a pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen soti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.
Jeremiah 31:12Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.
Ezekiel 37:22M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò.
Joel 3:17Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.