The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 20 › Ezekiel 20:6

Ezekiel 20:6

Lè sa a, mwen te fè sèman m' t'ap fè yo soti kite Lejip la, m' t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.

Bib La

In The King James Version

In the day that I lifted up mine hand unto them, to bring them forth of the land of Egypt into a land that I had espied for them, flowing with milk and honey, which is the glory of all lands:

In Context

5W'a di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.

7Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.

Read all of Ezekiel 20

Cross References

Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Exodus 13:5Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.

Exodus 33:3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.

Numbers 13:27Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.

Deuteronomy 3:25Tanpri souple, kite m' travèse lòt bò larivyè Jouden an pou m' ka wè bèl peyi ki lòt bò a, bèl mòn sa yo ak peyi Liban an tou.

Deuteronomy 8:7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 20:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 20:5Ezekiel 20Ezekiel 20:7 →