Ezekiel 20:7
Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Leviticus 11:44Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
Leviticus 18:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 20:7Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Joshua 24:14Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.
Isaiah 2:20Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.