Ezekiel 22:10
Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.
Leviticus 18:6Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.
Leviticus 18:19Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Leviticus 20:18Si yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la.
Deuteronomy 27:23-Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
1 Chronicles 5:1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.