Ezekiel 22:14
Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.
Cross References
Job 40:9Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?
Isaiah 31:3Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm!
Jeremiah 13:21Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.
Ezekiel 6:10Y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m' te di yo mwen t'ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t' pale mete la m' t'ap fè.
Ezekiel 21:7Lè y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m' pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè l'a rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouraj yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Ezekiel 24:14Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.