Ezekiel 22:2
-Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
2 Kings 21:16Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
Isaiah 58:1Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!
Jeremiah 2:34Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,
Ezekiel 16:1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Ezekiel 20:4Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.
Ezekiel 24:6Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.