Ezekiel 22:26
Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:1Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè.
Leviticus 11:47Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.
Leviticus 22:2-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a.
1 Samuel 2:22Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.
2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.
Jeremiah 2:26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!