Ezekiel 22:27
Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 17:23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
Lamentations 4:13Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.
Ezekiel 19:3Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.
Ezekiel 22:13Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.
Ezekiel 45:9Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa.
Micah 3:2Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo.