The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 22 › Ezekiel 22:28

Ezekiel 22:28

Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo.

Bib La

In The King James Version

And her prophets have daubed them with untempered morter, seeing vanity, and divining lies unto them, saying, Thus saith the Lord GOD, when the LORD hath not spoken.

In Context

27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.

29Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon.

Read all of Ezekiel 22

Cross References

Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.

Jeremiah 23:21Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.

Jeremiah 28:2-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan.

Jeremiah 29:8Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè.

Lamentations 2:14Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.

Ezekiel 13:10Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 22:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 22:27Ezekiel 22Ezekiel 22:29 →