Ezekiel 22:29
Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:9Piga nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi.
Leviticus 19:33Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.
Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.
Isaiah 59:3San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Ezekiel 18:12l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan,