Ezekiel 22:31
Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 29:2Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.
Ezekiel 7:3Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Ezekiel 16:43Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?
Romans 2:8Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.