Ezekiel 22:4
Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:14Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 29:24Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?
2 Kings 21:16Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
Psalms 44:13(044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Psalms 89:41(089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
Jeremiah 24:9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.