Ezekiel 22:9
Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo.
10Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.
Cross References
Exodus 20:16Piga nou bay manti sou frè parèy nou.
Leviticus 19:16Pa mache bay manti sou moun menm ras avèk nou. Piga nou kanpe pou fè yo touye san rezon yon moun menm ras avèk nou. Se mwen menm ki Seyè a!
1 Samuel 24:10Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa.
Psalms 50:20Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Psalms 106:28Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
Proverbs 18:8Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.