Ezekiel 23:18
Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:19Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!
Psalms 106:40Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.
Jeremiah 6:8Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.
Jeremiah 12:8Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!
Lamentations 2:7Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.
Ezekiel 21:24Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.