Ezekiel 23:22
Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 39:3Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
Jeremiah 6:23Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
Ezekiel 16:37Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.
Ezekiel 23:28Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo.
Revelation 17:16Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.