Ezekiel 23:25
Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou.
Cross References
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Proverbs 6:34Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'.
Ezekiel 5:13M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.
Ezekiel 15:6Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.
Ezekiel 16:40Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.
Ezekiel 22:18-Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.