Ezekiel 23:30
ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la.
Cross References
Jeremiah 2:18Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat?
Jeremiah 16:11Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.
Ezekiel 6:9Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.
Ezekiel 23:12Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason.