Ezekiel 23:36
Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 1:10Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.
Jeremiah 14:11Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.
Ezekiel 20:4Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.
Hosea 2:2Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
Acts 7:51Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.