Ezekiel 23:4
Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
Psalms 45:11(045:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
Psalms 132:13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Jeremiah 3:7Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa.
Ezekiel 16:20Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo