Ezekiel 23:41
Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 1:6Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè violèt nan bag fèt an ajan moute sou gwo poto fèt an mab. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere, ak bèl pye ble.
Isaiah 57:7Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.
Jeremiah 44:17N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
Ezekiel 16:18Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo.
Hosea 2:8Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.
Amos 6:4Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!