Ezekiel 23:42
Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Mwen di nan kè m': Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou.
Cross References
Genesis 24:30Li te wè zanno a nan nen sè li ak braslè yo nan bra l', li te tande l' ap rakonte sa nonm lan te di l'. Lamenm li al jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo l' yo.
Exodus 32:18Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt.
Ezekiel 16:11Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou.
Hosea 13:6Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m'.
Amos 6:1Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di: