Ezekiel 23:47
Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:16N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.
Jeremiah 32:29Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l'. Y'ap mete dife, y'ap boule l'. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m' fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye.
Jeremiah 39:8Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm.
Ezekiel 9:6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.
Ezekiel 23:25Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan.
Ezekiel 24:6Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.