Ezekiel 23:48
Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:11Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.
Isaiah 26:9Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
Ezekiel 6:6Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.
Ezekiel 22:15M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Zephaniah 1:3Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.