Ezekiel 23:49
Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 59:18L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo.
Ezekiel 7:4Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Ezekiel 16:43Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?
Ezekiel 20:38M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 20:44Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske sa m'ap fè pou nou an se pou respè tèt mwen m'ap fè l'. Se pa sa lenkondite nou ak vye bagay derespektan nou fè yo merite. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.