Ezekiel 24:16
-Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
15Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Leviticus 21:4Yon prèt pa gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye lè se yon sè li ki deja marye ki mouri.
Proverbs 5:19L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.
Jeremiah 9:1Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
Jeremiah 22:10Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò.
Lamentations 2:18Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Seyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche!