Ezekiel 24:17
Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:6Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.
Leviticus 21:10Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Psalms 46:10(046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
Jeremiah 16:5Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.
Ezekiel 24:22Lè sa a, n'a fè jan nou wè m' fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun.