Ezekiel 24:7
Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 17:13Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l' ak tè.
Deuteronomy 12:24Piga nou janm manje san an. N'a vide l' atè tankou dlo.
Job 16:18Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
Isaiah 26:21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.