Ezekiel 24:8
Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l', pou l' ka mande revanj paske sa fè m' fache anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:22Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a.
2 Kings 22:17Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase.
2 Chronicles 34:25Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.
Isaiah 26:21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 22:8Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Seyè a fè gwo lavil sa a sa?