Ezekiel 24:9
Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa.
Bib La
In The King James Version
Therefore thus saith the Lord GOD; Woe to the bloody city! I will even make the pile for fire great.
In Context
10Pote bwa an kantite toujou! Limen dife a! Kwit vyann yo byen kwit! Mete zepis ladan l'! Boule zo yo!
Cross References
Isaiah 31:9Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.
Ezekiel 21:3W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.
Ezekiel 22:19Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm.
Ezekiel 24:5W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo. Mete bon bwa anba chodyè a. Kite dlo a bouyi byen bouyi jouk vyann lan ak zo yo byen kwit.
Nahum 3:1Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt.
Luke 13:34Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pa t' vle!