Ezekiel 25:1
Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Bib La
In The King James Version
The word of the LORD came again unto me, saying,
In Context
2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.
Cross References
Nehemiah 13:1Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.
Jeremiah 25:21moun peyi Edon, moun peyi Moab ak moun Amon yo,
Jeremiah 49:1Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
Ezekiel 28:26Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a.
Ezekiel 36:7enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' pou m' fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la.
Amos 1:13Seyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.