Ezekiel 25:12
Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Cross References
2 Chronicles 28:17paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye.
Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
Jeremiah 49:7Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!
Ezekiel 32:29Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè.
Ezekiel 36:5Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib.
Obadiah 1:1Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!