The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 25 › Ezekiel 25:14

Ezekiel 25:14

Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Bib La

In The King James Version

And I will lay my vengeance upon Edom by the hand of my people Israel: and they shall do in Edom according to mine anger and according to my fury; and they shall know my vengeance, saith the Lord GOD.

In Context

13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.

15Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.

Read all of Ezekiel 25

Cross References

Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.

Deuteronomy 32:43Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

Isaiah 11:14Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.

Isaiah 63:4Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.

Jeremiah 51:36Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.

Ezekiel 35:11Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t' vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 25:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 25:13Ezekiel 25Ezekiel 25:15 →