Ezekiel 25:3
W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.
Cross References
Psalms 35:21Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!
Proverbs 17:5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.
Lamentations 1:7Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pesonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l' yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l'.
Lamentations 4:21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.
Ezekiel 25:8Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo.
Ezekiel 35:10Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.