Ezekiel 25:4
Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.
Deuteronomy 28:33Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
Judges 6:3Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.
Judges 7:12Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.
2 Samuel 12:26Pandan tout tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.