Ezekiel 25:7
Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 6:14Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 25:10M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè.
Ezekiel 25:16Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.
Amos 1:14Se poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba. L'a boule gwo kay yo ra tè. Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo, tankou bri van siklòn k'ap pase.