Ezekiel 26:12
Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè.
Bib La
In The King James Version
In Context
13M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò.
Cross References
2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
Isaiah 23:11Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran.
Isaiah 32:12paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an.
Ezekiel 26:5Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la.
Ezekiel 28:8Yo pral touye ou. Ou pral mouri neye nan mitan lanmè.
Hosea 13:15Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale.