Ezekiel 26:17
Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 1:19O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo. Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
Isaiah 14:12Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?
Isaiah 23:8Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?
Jeremiah 7:29Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.
Lamentations 1:1Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!
Ezekiel 19:14Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.