Ezekiel 26:2
-Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
2 Samuel 5:11Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
Psalms 40:15(040:16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
Psalms 70:3(070:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
Psalms 83:7(083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
Jeremiah 25:22tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a,
Jeremiah 47:4Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.