Ezekiel 26:7
Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L'ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 10:8Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!
Jeremiah 6:23Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
Jeremiah 25:22tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a,
Jeremiah 52:32Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.
Ezekiel 23:24Y'ap soti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M' pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo.
Ezekiel 26:10Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.