Ezekiel 27:2
-Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!
Bib La
In The King James Version
Now, thou son of man, take up a lamentation for Tyrus;
In Context
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Jeremiah 9:10Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale.
Jeremiah 9:17Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!
Ezekiel 19:1Bondye pale avè m', li di m' konsa: -Koulye a, plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.
Ezekiel 27:32Nan lapenn yo y'ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè!
Ezekiel 32:2-Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.
Amos 5:16Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.