Ezekiel 27:31
Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Isaiah 16:9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.
Isaiah 22:12Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.
Jeremiah 47:5Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?
Ezekiel 7:18Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y'ap kale tèt yo nèt.
Amos 8:10M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.