Ezekiel 27:33
Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 23:3achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.
Ezekiel 27:12Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.
Ezekiel 28:16Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.
Revelation 18:12lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab,